Byenveni nan Navigatè Biznis Miami-Dade la

Pwogram Navigatè Biznis Miami-Dade la (Miami-Dade Business Navigator, MDBN) se yon inisyativ lokal pasyonan ki finanse (an pati) grasa yon sibvansyon ki soti nan Administrasyon Ti Biznis Etazini (Small Business  Administration, SBA). Li anba direksyon Sant Devlopman TI Bizinis Florida (Florida Small Business Development Center, FSBDC) nan Kolèj Komès Florida International University (FIU Business) nan patenarya avèk sis òganizasyon kominotè ki gen eksperyans: Ascendus, Branches, EDC of South Miami-Dade, Miami-Dade Chamber of Commerce, Prospera, ak StartUP FIU Procurement. Grasa pwogram lan, gwoup patnè kominotè yo pral konekte avèk antreprenè lokal mal sèvi yo nan Konte Miami-Dade lan pou lanse, grandi ak rebay biznis yo anèji. Pwogram MDBN a konsantre sou ti biznis yo—ki gen ladan mikwobiznis ki gen mwens pase 10 anplwaye—ki se pwopriyete fanm, veteran, ak moun ki defavorize sou plan sosyal ak ekonomik.

2022 Annual Report
Learn the secrets of the unicorn entrepreneurs

Konsènan Nou

Rankontre ti biznis kote yo ye a pou ede yo siviv ak pwospere

Konte Miami-Dade se youn nan konte ki pi divès ak dinamik nan peyi a. Se yon trè bon kote pou kòmanse oswa pou devlope yon biznis avèk bon jan kalite resous ak pwogram isi a pou ti biznis yo. Men, nou konnen sa kapab konplike pou navige nan pwogram leta yo ak resous pou ti biznis yo. Se pou sa nou la. Pwogram Navigatè Biznis Miami-Dade la itilize òganizasyon kominotè moun fè anpil konfyans pou gide ti biznis yo nan tout resous, sèvis ak pwogram kominotè ki disponib pou biznis ou. MDBN bay yon kapasite siplemantè a gwoup lokal de konfyans sa yo pou yo atenn plis biznis nan kominote a epi kreye yon rezo lokal ki pi solid nan founisè ti biznis Miami-Dade yo. Objektif la se amelyore aksè nan èd ou bezwen pou kòmanse yon nouvo biznis, devlope yon biznis ki egziste deja, oswa reprann ou sot nan enpak pandemi an.

Premye etap la se òganize yon konsiltasyon gratis pou nou ka aprann plis sou oumenm ak biznis ou a. Apre sa, nou ka konekte ou avèk yon Navigatè pou bay konsiltasyon, fòmasyon oswa aksè nan resous ki enpòtan anpil yo.

Sèvis yo

Asistans teknik youn-a-youn, fòmasyon ak enfòmasyon antreprenè yo bezwen pou yo reyisi

Gen yon kantite baryè antreprenè lokal yo rankontre lè y ap navige nan pwogram ak resous leta yo. Kit se pou simonte baryè lang oswa baryè kiltirèl pou antre, kraze silo pwogramasyon yo, oswa mennen ekspè nan endistri a dirèkteman nan ti biznis yo, Navigatè Biznis Miami-Dade yo disponib pou ou. Pwogram nou an gen twa eleman kle ladann:

» Asistans youn-a-youn pou Biznis
» Asistans pou Fòmasyon ak Sansibilizasyon
» Koneksyon nan Rezo, Resous, ak Enfòmasyon Ti Biznis

Sèvis yo ak fòmasyon yo disponib an Anglè, Panyòl, ak Kreyòl. Resous ak asistans enpòtan anpil ou ka jwenn aksè nan yo gen ladan:

Èd pou Demaraj

Jesyon Finansye ak Aksè nan èd Kapital

Maketing/Lavant, Estrateji Biznis, ak Operasyon

Kontra Gouvènman ak
Asistans pou Apwovizyònman

Fòmasyon byen presi pou endistri a

Pwochen Evènman yo

Ascendus

Depi plis pase 30 ane Ascendus ap bay pwopriyetè ti biznis yo prè kapital ak ankadreman pou yo pwogrese, amelyore lavi yo, pran swen fanmi yo, epi kontribye nan kominote yo. Nan Ascendus, nou travay avèk pwopriyetè biznis yo pou adapte yon pwogram ki kreye asansyon finansye. Nou pi fleksib pase lòt pretè yo, epi nou wè pi lwen pase mezi ak fòm pretè tradisyonèl yo.

Branches

Branch yo devlope ak aplike pwogram ki atake kòz ki alabaz povrete a. Pwogram mikwo-biznis li a bay sèvis pou soutni patisipan yo pou yo vin otonòm sou plan ekonomik grasa aktivite antreprenarya. Sa yo gen ladan: atelye evalyasyon ak preparasyon pou biznis; fòmasyon konplè sou jesyon biznis; ankadreman finansye pèsonèl youn-a-youn; asistans teknik pou biznis youn-a-youn; epi sèvis pèmanan konseye nan biznis.

Economic Development Council (EDC)

Konsèy Devlopman Ekonomik (Economic Development Council, EDC) South Miami-Dade lan ap chèche amelyore ak fè avanse kalite lavi a, ekspansyon biznis yo ak kreyasyon travay gras ak aplikasyon pwojè ki pwofite de dirabilite ak rezistans pa mwayen devlopman ekonomik, amelyorasyon enfrastrikti, edikasyon ak mendèv kalifye. Misyon prensipal EDC South Miami-Dade se ogmante vitalite ekonomik jeneral kominote South Dade yo.

Miami-Dade Chamber of Commerce (MDCC)

Chanm Komès Miami-Dade lan (Miami-Dade Chamber of Commerce, MDCC) te fonde an 1974 pou defann san patipri bezwen yon kominote biznis nwa k ap grandi. Jodi a, MDCC se youn nan Chanm Komès minorite ak feminen ki pi divèsifye nan Sid Florid la ki konsantre sou bay asistans teknik ak resous ki kreye posiblite pou transfòmasyon ekonomik ak sosyal nan kominote yo nan Konte Miami-Dade lan.

Prospera

Prospera se yon òganizasyon devlopman ekonomik ki espesyalize nan sèvis bileng devlopman biznis pou antreprenè ki mal sèvi yo. Misyon òganizasyon an se ede kòmanse, soutni, ak grandi biznis Panyòl yo posede pou reyalize pwosperite nan kominote a. Prospera bay antreprenè yo kapasite pa mwayen fòmasyon, konsiltasyon endividyèl, ak resous siplemantè pou biznis yo ka grandi ak pwospere.

Startup FIU

Objektif Start FIU Procurement se pou ede debloke kwasans ekonomik, nan vin prepare pou akizisyon avèk enstitisyon leta ak prive yo. Ekspè ak patnè endistri yo pran angajman pou soutni antreprenè yo nan bay zouti edikatif ki ta ede yo evalye anviwònman biznis yo, inove, ak devlope estrateji pou simonte defi yo ki ta ka afekte kwasans finansye ak ekspansyon pandan y ap bay yon rezo ki konekte nan posiblite.

SBDC at FIU

Kolèj Biznis FIU an ak Rezo SBDC nan Florid la mete fòs yo ansanm pou pote nan konpayi lokal yo yon ekip ekspè biznis ki gen anpil eksperyans ki ofri konsiltasyon konfidansyèl, gratis pou antreprenè ak pwopriyetè biznis k ap chèche grandi. Si ou posede yon biznis ki gen 3 anplwaye oswa plis, oswa si w ap lanse yon antrepriz ki ka evolye, nou prè pou ede w navige avèk siksè nan obstak ki souvan anpeche kwasans biznis yo.

Patnè yo

Konte Miami-Dade gen yon ekosistèm ti biznis solid. Pwogram Navigatè Biznis Miami-Dade lan fyè dèske li gen patenarya, asistans ak sipò lidè biznis ak kominote kle yo, òganizasyon ak lòt gwoup nan tout konte a. Òganizasyon ak gwoup ki annapre la yo ap kolabore avèk rezo nou an pou sèvi biznis ou pi byen:

Axis Helps Miami
Baptist Health South Florida
Catalyst Miami
Catalyst Miami
Miami Bayside Foundation
Miami Downtown Development Authority
Strive305
Catalyst Miami
CareerSource South Florida
The Miami Foundation
Univision
WQBA
Amor 107.5
Unimas Miami
Radio Mambi
Mix 98.3
BBB
AO BUSINESS NETWORK
MDPLS
Trinity Church TV
Trinity Church TV
Trinity Church TV
Trinity Church TV
Trinity Church TV
ACTIONZONE
MIAMIBEACH
DORAL FLORIDA
ELEVATE D5
Grupo Mulheres do Brasil
MIAMI DADE PUBLIC SCHOOLS

Si ou ta renmen asosye ou avèk pwogram MDBN pou konsiltasyon, fòmasyon oswa sansibilizasyon nan kominote ou nan Miami-Dade, tanpri ranpli fòm demann Vin yon Patnè a.

Siksè Kliyan

Mind Over Matter Allied Health

Mind Over Matter Allied Health

Ideal Music Box

Ideal Music Box

Kimone's Cake Art Studio

Kimone's Cake Art Studio

Lil Chef Big Food LLC

Lil Chef Big Food LLC

JC Supplier, LLC

JC Supplier, LLC

Attunergy

Attunergy

Tinajita LLC (dba Vegallia)

Tinajita LLC (dba Vegallia)

Live Like You Green It

Live Like You Green It

LCT-E Learning Solutions

LCT-E Learning Solutions

Metro Mommy Agency LLC

Metro Mommy Agency LLC

Mav Inc

Mav Inc

Makeup by Rory Lee

Makeup by Rory Lee

Athlon Rub

Athlon Rub

Stacy's Naturals

Stacy's Naturals

Indigo Events Corp.

Indigo Events Corp.

Lifestyle Gear LLC

Lifestyle Gear LLC

Alabao Roofing Services

Alabao Roofing Services

Allyi Inc.

Allyi Inc.

Place of Aroma LLC

Place of Aroma LLC

Cognitive Wellness, LLC

Cognitive Wellness, LLC

Gradible

Gradible

Print Web and Social Media Design

Print Web and Social Media Design

Designs by Sommer LLC

Designs by Sommer LLC

Upright Spine Center

Upright Spine Center

Lavish Touches

Lavish Touches

Vila Kids LLC

Vila Kids LLC

WYSP Skin Studio

WYSP Skin Studio

Anointed Florist & Gift Shop LLC

Anointed Florist & Gift Shop LLC

Land Airline

Land Airline

Imago Art LLC

Imago Art LLC

Insinet Group LLC

Insinet Group LLC

TPE Coaching & Consulting

TPE Coaching & Consulting

Exclusive Tonsorial Services

Exclusive Tonsorial Services LLC

Thrive Loop LLC

Thrive Loop LLC

Swirls Frozen Yogurt

Swirls Frozen Yogurt

NFoods Base LLC (DBA Y'all Foods)

NFoods Base LLC (DBA Y'all Foods)

Alpha International Transport LLC

Alpha International Transport LLC

HJ Construction Group, Inc

HJ Construction Group, Inc

Zulia Market Discount

Todo Dollar Store Exito Supermarket
(dba Zulia Market Discount)

305 Aero Supplies, LLC

305 Aero Supplies, LLC

Mariana Foods

Mariana Foods

Mailing Logistics LLC

Mailing Logistics LLC

Medya

Nouvèl ki pi resan yo sou Navigatè Biznis Miami-Dade

Nou kontan anpil pou pwogram Navigatè Kominotè Biznis Miami-Dade lab, epi medya yo kontan tou! Tcheke ankò la a pou jwenn mizajou ak nouvèl, epi kontakte Navigators@fiu.edu si ou gen kesyon oswa demann.
 

Kontak

Konekte avèk nou!!!
 

Adrès:
FIU Downtown at Brickell
1101 Brickell Avenue, South Tower
Room 204
Miami, FL 33131

Voye yon imèl ban nou:
Imèl: Navigators@fiu.edu

Rele Nou:
Rele: (305) 779-9244